23/09/2017
BONJOU LA SOSYETE.
Mwen gen yon bagay kap trakase'm si'm pa pale map toufe wi.
Mwen tankou yon zaboka on vlope nan yon sak, yo foure'l anba kabann epi yo bliye'l. Aprè 8 jou lè yo resi sonje'm, yo di aaahh! li gentan pouri li pap bon ankò. Epi yo pran'm pou montre vwazinaj mwen pou yo ka wè kijan mwen pouri vre. Yo tonbe plenyen "kote yo jwenn ak vye zaboka sa?" Yo pa rann yo kont si se yo menm ki gate'l.
Ou vle konn non'm ?
Mwen rele LAJENÈS
Mwen siyen AYISYÈN
Mwen se LAJENÈS AYISYÈN
Yo pran nou, yo vlope nou, yo sere nou, yo toufe nou, yo bliye nou epi yap di nou pouri. Kòman pou nou te fè pat pouri a ?
Yo pap mete lekòl pwofesyonèl epi yap di nou pa aprann anyen.
Lè nou goumen nou aprann pou nou travay yo mande pou nou gen eksperyans, kòman nap fè gen eksperyans si nou pa kòmanse?
Yap mande pou nou kreye epi yo pap bay talan valè.
👉🏼 Yo mande bacc 1, nou bay li
👉🏼 Yo mande bacc 2, nou bay li
👉🏼 Epi yap mande nou back chat
Radyo yo, tele yo plen emisyon rabòday epi yo vle pou nou pat chawa pete (pa gen yon grenn emisyon sou "savoir vivre")
Tout tele ap pase Rihanna kap defile sou sèn toutouni epi yo pat vle pou nou imite (pa gen yon grenn emisyon sou "comment se comporter en publique")
Yo di nou pa panse ak demen, kòman pou'm ap pale demen poutan jodi a se yon katastwòf.
> Si jenès la sòt, se palmantè yo nap swiv
> Si jenès la vòlè, se prezidan yo nap swiv
> Si jenès la chawa, se granmoun kap renmen ak ti sè nou yo nap swiv
> Si jenès la pa gen vizyon, se politisyen yo nap swiv.
Yap mande nou reve epi yap anpeche nou dòmi.
Ou pa ka ap rele'm kokobe si se ou ki te pase machin sou pye'm.
Yon jèn ki gen 25 an :
USA : ou se yon enjenyè
FRANCE : ou se yon avoka
CUBA : ou se yon medsen
BRAZIL : ou se yon foutbòlè
MEXIQUE : ou se yon aktè
HAÏTI : ou se yon administratè yon gwoup watsap
Leta pa vle envesti nan nou.
Bal yon like epi patajel mesaj la pou tout lòt jèn ki viktim de sistèm nan ka wè'l.