31/07/2026
YonMwaFoot ansanm ak patnè li yo te reyalize pi gwo e pi bèl baz ki te pèmèt nou viv Mondyal 2026 la ansanm.
Jodi a, nou vle di nou chak yon gwo MÈSI.
Mèsi paske nou te chwazi viv emosyon Mondyal la avèk nou.
Mèsi paske nou te ranpli Plas Boyer ak enèji, pasyon ak lanmou pou foutbòl.
Mèsi paske nou te sipòte nou lè nou te achte Tikechan sethi, pataje kontni nou yo, epi envite lòt moun vin fè pati eksperyans lan.
Mèsi tou ak 48 katye ki te patisipe nan gran chanpyona Tikan an epi ki te fè konpetisyon an tounen yon vrè spektak.
San nou, anyen nan sa pa t ap posib.
Ansanm, nou te kreye yon espas kote dè milye Ayisyen te ri, selebre, chante, pataje emosyon yo, epi viv chak match tankou yon sèl fanmi.
Yon Mwa Foot pa t sèlman yon retransmisyon Mondyal… li te tounen yon eksperyans, yon memwa, yon istwa nou tout ekri ansanm.
Mèsi pou konfyans nou.
Mèsi pou prezans nou.
Mèsi paske nou te fè Yon Mwa Foot 2026 tounen yon gwo siksè.
Randevou pran pou pwochen edisyon an… paske pi bèl moman yo toujou ekri ansanm! ❤️⚽🇭🇹🏆